Kilès k ap di podyab pou Garry Conille ?

Doktè Garry Conille

Pèp la pa te nan touye, li pa ka nan kòche. Ni Garry Conille ki t ap jwe wòl Premye Minis, ni moun ki voye l ale yo, se yon bon jou popilasyon an te leve li wè blan debake avè yo mete nan tèt peyi a, dèyè do konstitisyon an. Yo youn pa te janm sou regle zafè popilasyon an paske se pa popilasyon an ki te mete yo kote yo ye a. Yo te pito rete nan tire kòd youn ak lòt, avèk konviksyon si yo gen gwo blan dèyè bannann yo, anyen pa ka pase mal pou yo.

Men blan ka kore ou tout tan li wè w ap aji nan sans enterè li. Depi li reyalize ou pa pi bon moun ki kapab garanti enterè li ankò, avan kòk la chante de fwa, l ap gentan di twa fwa li pa konnen ou. Lè sa a, advesè yo menm ap veye tout ti move jan blan ap ba ou pou yo pran avantaj sou ou.

Apre anviwon 5 mwa Premye Minis Garry Conille pase nan tèt gouvènman peyi a kote li pa te ka antann li ak lòt branch egzekitif la, Konsèy Tranzisyon an di l revokal fè revoko, li dwe remèt kle primati a san bri san kont. Mesye Conille li menm ki sanble pa te ko anvi kite sa, l ap eseye rale atik konstitisyon pou montre Konsèy la pa gen dwa voye l ale. Men Doktè Conille sanble bliye tou se dèyè do konstitisyon an li te nan pòs la. Kijan konstitisyon ta ka sove li ?

Toudabò li ekri Direktè Jeneral Près Nasyonal la, Mesye Ronald Saint Jean, nan dat 10 novanm 2024, pou te mande li pa pibliye rezolisyon kote manm Konsèy Tranzisyon an te mande pou li depoze kle primati a anba pòt la. Men lè li rann li kont lalin bare solèy sou li, yon lòt Premye Minis gentan nome, li soti yon deklarasyon kote li pale ak peyi a pou eseye montre Konsèy la pa gen dwa voye l ale.

Doktè Conille fè konnen desizyon Konsèy la pran pou voye l ale a pa siyen ditou ak konstitisyon an epi ak lòt tèks ki di kijan pou tranzisyon an fèt. Li presize menm lè Konsèy la gen dwa nonmen Premye Minis la, men pa gen okenn tèks legal ki ba l dwa voye Premye Minis la ale. Li deklare, kòm Premye Minis, men sitou kòm sitwayen ki renmen peyi l, li pa vle antre nan simen divizyon men li vle montre li se moun ki responsab, pandan li fè konnen l ap rete koute sa aktè politik ak sosyal ki gen lejitimite pou gide tranzisyon an daprè Akò 3 avril la ap di. Anfen li fè konnen li detèmine pou li kontinye travay pou konstwi lapè ak estabilite nan peyi a, epi l ap ankouraje tout efò pou retabli lapè epi garanti yon gouvènans demokratik, ki transparan, kote tout moun ladan l.

Men lè Doktè Garry Conille gade nan mont li, li sètènman wè li trèzè. Depi li repran tèt primati a nan dat 3 jen 2024, plis sa Doktè Conille fè se rankontre sektè isi, rankontre sektè laba, vwayaj ak fè bèl pwomès ki pa janm reyalize. Youn nan pi gwo pwomès li fè an rapò ak sitiyasyon ensekirite jeneralize ki fin detwi tout nanm peyi a, se lè li te deklare nan mesaj li te adrese bay nasyon an nan dat 17 jiyè 2024, yo ta pral repranm tout zòn sou kontwòl gang yo, kay pa kay, katye pa katye, e vil pa vil.

Malerezman depi lè sa a, se gang yo k ap mache kontwole plis tèritwa, kay pa kay, katye pa katye, e vil pa vil. Sa ki pi pi grav, nan dat 3 oktòb 2024, gang ame fè yon masak sou popilasyon Ponsonde kote yo touye 115 moun, blese plizyè dizèn lòt, boule kay ak machin, detwi tout sa yo jwenn sou wout yo. Apre yon evènman konsa, Premye Minis la pran avyon 2 jou apre, 5 oktòb, pou al fè prèske 2 semèn an Afrik epi li kite popilasyon an nan tribilasyon li pou kò l.

Si pèp ou anba tray, ou pa ka defann li, ou pa kanpe avè l, èske li menm l ap kanpe pou ou lè ou nan pwoblèm ?

Konsèy Tranzisyon an petèt pa pi bon pase Premye Minis li voye ale a. Sitou anpil nan yo gen gwo akizasyon kòripsyon k ap peze sou do yo. Men popilasyon an jis rete ap gade. Lè l nan tray li li menm pa gen moun k ap defann li.

Si pa gen pwovizyon legal pou voye Doktè Conille ale, se pa pwoblèm popilasyon an. Pèp la pa t mete, li pa retire. Men si Doktè a te swe pou pèp la, jodi a menm pèp sa a pa t ap manke chanje chemiz pou li. Kilès k ap di podyab ?

Description de l'image