Kijan fèt manman ki pwofesè nan lekòl leta yo ye ane sa a?

Lè Ayiti te Ayiti, lè lavi pa te ko pran vakans, depi mwa me rantre, moun te konn kòmanse prepare pou fèt dèmè. Nan tout lari machann ap vann ti flè pou tache sou pwatrin : flè woz pou moun ki gen manman, flè blan pou sa ki pa genyen.

Paske mwa me se mwa yo selebre manman, moun ki genyen yon enpòtans total kapital nan lavi chak moun. An Ayiti se dènye dimanch mwa me yo fè gwo fèt pou manman yo. Nan fanmi yo, nan legliz yo, nan òganizasyon sosyal yo, se gwo koze.

Si ane sa a fèt manman yo se dimanch 26 me, pou manman ki pwofesè k ap travay nan lekòl leta yo, fèt la sanble pa ko klè ditou. Nan sitiyasyon difisil peyi a ap konnen nan dènye tan sa yo, li te deja difisil pou fete. Men menm lè fèt te posib, kijan yon moun ta kapab fete san lajan?

Apre yon fèt pwofesè kote otorite peyi a te sèlman kontante yo swete pwofesè bòn fèt, apre yon fèt drapo ki pa te gen lòt bagay pase diskou, kote pa te ka gen ni al benyen nan lanmè, ni restoran, ni al danse, eks, manman ki pwofesè yo sou wout fè yon twazyèm kabès sonm kote Leta peyi a bliye yo, menm si sa pa anpeche gen bèl diskou, bèl nòt pou swete manman sa yo bòn fèt.

Ak kisa pou manman sa yo fè tèt yo bèl? Ak kisa pou mari ki pwofesè fè bèl ak madanm yo? Manman yo se pitit tou, kidonk anpil nan yo gen manman yo tou yo ta renmen fè bèl jès ak yo nan gran jou espesyal sa a? Ak kisa?

Jodi a 22 me 2024, pwofesè k ap travay nan lekòl leta pa ko resevwa chèk mwa d avril yo. Si Leta ta di li p ap kite manman yo pase fèt la konsa, y ap fè yon jan demen jedi ou vandredi, kijan yo t ap fè gentan chanje chèk sa yo lè nou konsidere difikilte ki genyen pou moun al labank nan peyi a? Epitou anpil kote, chèk la pa t ap menm gentan rive nan men mèt li avan dimanch 26.

Moun prèske pa ale anba lavil. Nan mwa mas, Leta te otorize bank prive yo chanje chèk polisye ak sòlda lame d Ayiti. Li te ka fè sa pou tout administrasyon piblik la. Paske si polisye ak militè ki pote zam pè ale nan Bank Repiblik d Ayiti, kijan sa ye pou pwofesè ak enfimyè ak tout lòt kategori anplwaye sivil yo? Men tou, ki sèvis bank prive yo bay ki t ap pèmèt tout anplwaye Leta chanje chèk yo?

Annatandan, nan twa jou se fèt manman. Pou manman ki pwofesè nan lekòl leta yo, petèt yon senp diskou va sifi pou yo byen fete.

Nenpòt jan sa ye, manman, pwofesè lekòl, fanm kouraj peyi d Ayiti yo p ap fè bak. Y ap toujou gen yon souri pou ede pitit yo kwapre zègrè lavi. Manman ki pwofesè merite yon meday!

Description de l'image