Ki vrè bilan deboulonnay tè nan Papwazi Nouvèl Gine a ?

: Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (vya Le monde / MOHAMUD OMER / AFP

Apre ofisyèl nan Papwazi Nouvèl Gine te fin avanse yon bilan 2000 moun ki ta peri nan katastwòf deboulonnay tè ki te pase nan pwovens Enga nan nuit jedi pou louvri vandredi ki sot pase a, genyen anpil pwen entèwogasyon sou reyalite bilan sa a.

Daprè sa 20 minutes rapòte, menm si Premye Minis la, Mesye James Marape, te deklare devan palman an ta genyen plis pase 2000 moun ki ta mouri, an prive gen anpil kesyon ki poze sou kijan yo fè gen chif sa a.

Jiska prezan se 6 kò yo jwenn. Moun yo se ak mwayen yo gen nan men yo y ap eseye debleye pou chache kadav yo. Gwo traktè pa janm ko rive sou plas kote dezas la pase a.

Anpil moun ap mande èske te genyen tout moun sa yo vre anba pati mòn nan ki deboulonnen an. Kijan fè se 6 kadav ase yo ta jwenn?

Pwofesè David Petley ki se espè nan glisman teren epi ki se Rektè nan Inivèsite Hull nan Wayòm Ini fè konnen li gen gwo dout sou bilan sa a. Li fè konnen bilan sa yo se bilan ou konn jwenn nan vil.

Imaj satelit yo te pran an jen 2023 montre genyen 40  estrikti moun ka wè ki antoure zòn katastwòf la.

Men genyen responsab nan Papwazi Nouvèl Gine yo ki fè konprann moun ki t ap kouri pou vyolans ant tribi yo te fè kantite kay yo te rive nan nenpòt 100.

Justine McMahon ki se responsab CARE Papwazi Nouvèl Gine fè konnen anpil kay yo fèt ak tè, sa ki ta kapab fè satelit la ta ka pa wè yo. Men li di li pa twò kwè nan bilan 2000 moun nan tou.

Otorite yo sanble chita sou lis elektoral 2022 yo pou fè estimasyon yo. Yo deklare yo konte kantite moun ki enskri sou lis elektoral yo epi yo ajoute 42% pou timoun ki pa ko gen laj pou vote. Sa ki t ap bay prèske 8000 moun pou 2 katye ki viktim yo.

Pwofesè John Burton ki se ansyen Pwofesè jesyon ris ak katastwòf nan Papwazi Nouvèl Gine fè konnen enfòmasyon ki ta fè kwè tout 2 katye yo antere nèt la pa fin egzat. Li ajoute li pa vle minimize gwosè katastwòf la men tout estimasyon ki ta fè kwè gen plis pase 300 moun ki ta mouri pa sanble ak reyalite.

Description de l'image