Nan sosyete ayisyen an, pataje imaj entim jwèt manman ak papa san konsantman moun ki konsène a vin tounen yon pratik ki lakoz anpil domaj, sitou pou fanm ak ti fi. Zak sa yo pa sèlman vyole dwa fondamantal moun, men yo gen konsekans grav tou sou sante mantal ak emosyonèl viktim yo ak fanmi yo. Se pou sa, li enpòtan pou nou egzaminen kijan diferan peyi adrese pwoblèm sa a atravè lejislasyon yo.
Plizyè peyi adopte lwa pou konbat sa yo rele «revenge porn» an anglè oswa «pònografi san konsantman», an kreyòl. Men kèk egzanp sou kesyon sa a selon jan sa ye nan plizyè peyi.
Etazini
Pandan pa gen lwa federal ki entèdi «revenge porn», plizyè Eta adopte lwa pou kriminalize aksyon sa a. Pa egzanp, eta Ilinòys konsidere li se yon krim pou distribye imaj seksyèl ki byen klè san konsantman moun nan. Yo mete pinisyon ki ka rive jiska twa lane prizon pou sa (Michigan Journal of International Law, 2018).
Wayòm Ini
Nan lane 2015, Wayòm Ini te adopte yon lwa ki entèdi pataje foto seksyèl prive san konsantman, ak pinisyon ki ka rive jiska de zan prizon (Parliament of Australia, 2016).
Kanada
An 2014, Kanada te pase «Protecting Canadians from Online Crime Act», ki fè li yon ofans pou distribye imaj entim yon moun san konsantman li, ak pinisyon ki ka rive jiska senk ane prizon (Parliament of Australia, 2016).
Ostrali
Plizyè eta nan Ostrali, tankou New South Wales ak South Australia, adopte lwa ki entèdi distribisyon imaj entim moun san konsantman, ak pinisyon ki ka rive jiska twa ane prizon (Centre for Internet and Society, 2016).
Lafrans
Lwa «Digital Republic Act» nan Frans penalize pataje imaj seksyèl moun san konsantman li, ak pinisyon ki ka rive jiska de zan prizon ak yon amann jiska 60,000 ewo (Centre for Internet and Society, 2016).
Japon
An 2014, Japon te pase «Revenge Porn Prevention Act», ki penalize distribisyon imaj seksyèl prive Moun san konsantman li, ak pinisyon ki ka rive jiska twa zan prizon oswa yon amann jiska 500,000 yenn (Michigan Journal of International Law, 2017).
Izrayèl
An 2014, Izrayèl te amande «Prevention of Sexual Harassment Law» pou mete ladan li pataje imaj entim san konsantman kòm yon krim seksyèl, ak pinisyon ki ka rive jiska senk ane prizon (Centre for Internet and Society, 2016).
Men, malgre egzistans lwa sa yo, pataj imaj entim san konsantman rete yon pwoblèm mondyal. Men gen kèk peyi tankou Ayiti, nou pa gen ase sipò pou ta ede nan ka sa yo. An nou pran egzanp kèk videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo. Nou wè yon jèn fi k ap dekouvri tèt li, k ap viv esperyans li avèk kò li (yon bagay ki natirèl). Men pouki n apiye sou sa pou imilye li, sou pretèks li se yon «ti sen legliz», oswa sèlman paske nou mechan ?
Se pa sèlman responsablite gouvènman yo pou fè aplike lwa sa yo, men se tou responsabilite chak sitwayen pou pa gade, pataje, oswa diskite sou materyèl sa yo. An nou travay ansanm pou sispann detwi youn lòt epi bati yon sosyete ki baze sou respè ak diyite pou chak moun.
Sonje ou menm avè m, nou ka fè yon diferans. Se pa tout bagay ki dwe vin yon «kontni viral».
An menm tan, tout moun ta dwe pran egzanp sou ka sa yo, pou kèlkeswa filing ou ta pran nan aktivite jwèt manman ak papa sa yo, sou kèlkeswa kondisyon an, ou pa ta dwe dakò pou y ap filme ou, oswa pou ou menm w ap filme tèt ou. Teknoloji a twò frajil. Evite miyò pase mande padon !
Pienda Roe
Referans
Centre for Internet and Society. (2016). Revenge Porn Laws across the World. Retrieved from https://cis-india.org/internet-governance/blog/revenge-porn-laws-across-the-world
Michigan Journal of International Law. (2017). No More Revenge: Criminalizing Non-Consensual Pornography Through the Convention on Cybercrime. Retrieved from https://www.mjilonline.org/no-more-revenge-criminalizing-non-consensual-pornography-through-the-convention-on-cybercrime/
Parliament of Australia. (2016). Chapter 1 – Parliament of Australia. Retrieved from https://www.aph.gov.au/Parliamentary_Business/Committees/Senate/Legal_and_Constitutional_Affairs/Revenge_porn/Report/c01
