Nan yon lèt La loi de ma bouche pibliye kopi a ki akonpaye ak yon bèl analiz, Premye Minis Garry Conille te enfòme Prezidan Konsèy Tranzisyon an, Mesye Edgard Leblanc Fils, li te dwe kite peyi a nan tèt yon delegasyon pou li ale Washington nan dat 28 jiyè 2024.
Lèt la pote dat 26 jen 2024 epi li di : «Mwen gen onè pou m enfòme ou, pa mwayen lèt sa a, mwen dwe kondui yon delegasyon, soti 28 jen rive 6 jiyè nan Washington DC, nan kad yon toune enspeksyon nan anbasad d Ayiti nan Washington. M ap tou pwofite fè yon vizit nan Konsèy Sekirite Nasyonzini an 3 jiyè pwochen.»

Lèt sa a ta sanble pran lari apre Le Nouvelliste te fin revele gen Manm Konsèy Tranzisyon an ki t ap bougounnen paske se ta kèk èdtan avan Premye Minis la kite peyi a yo ta resevwa yon mesaj whatsapp ki enfòme yo li pa la.
Li ta enteresan pou li analiz La loi de ma bouche la. Men, èske ajannda Premye Minis la nan Washington se vizit enspeksyon nan anbasad d Ayiti vre ? Si se ta sa, kisa ki ta genyen nan anbasad sa a pou Doktè Conille ta oblije fè 9 jou deyò, lwen responsabilite li nan yon peyi k ap toufe, ki prèske trepase ? Èske yo ta kite rat anvayi anbasad la pou li ta nesesite 9 jou enspeksyon, menm si sa te fè pati travay Doktè Conille, alòske lakay ap peri ?
