Ki omaj pou Jeneral Toussaint Louverture ?

© Primati

Nan dat 7 avril 1803, Jeneral Toussaint Louverture peri nan prizon apre yo te fin kidnape li al fèmen nan Fòdejou an Frans, paske pawòl libète pou tout moun li t ap pale a pa te ale nan sans sistèm kolonizasyon esklavajis la. 7 avril 2025 ki make 222 lane depi Premye Nèg Nwè a te disparèt la, otorite peyi d Ayiti yo jije li nesesè pou yo rann gason kanson sa a ki te trase wout pou lendepandans tè d Ayiti yon omaj, pou raple batay li t ap mennen pou tout moun te viv tankou moun.

Nan sans sa a, Manm Konsèy Tranzisyon an, Premye Minis la, Prezidan Lakou Kasasyon, Minis ki manm gouvènman an, Direktè Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti a, Kòmandan an Chèf Fòs Lame d Ayiti a, yo tout te reyini nan yon moman rekèyman ak refleksyon pou salye kouraj Jeneral Toussaint Louverture nan konba li t ap mennen pou libète.

© Primati

Toussaint Louverture t ap batay pou tout moun te viv lib, nan diyite ak respè. Lajounen jodi, okenn Ayisyen pa lib menm pou sikile nan pwòp peyi li. Popilasyon an nan kouri monte kouri desann anba vyolans gang ame ki pran kontwòl peyi a nan men otorite Leta yo, epi ki pa janm bouke simen dèy ak dezolasyon tout kote yo pase.

Nan sitiyasyon sa a, pi bèl omaj otorite yo ta kapab bay Jeneral Toussaint Louverture, se ta pèmèt rèv libète li a reyalize tout bon. Vrè omaj Toussaint Louverture merite se ta rebay pèp ayisyen an diyite li pou li santi li lib mennen aktivite li nan peyi li kòmsadwa, pou lekòl ak inivèsitè relouvri, pou lopital rekòmanse fonksyone, pou biznis reprann manm nan peyi a, pou Ayisyen kapab viv lakay li pou li sispann al ranmase veksasyon nan peyi etranje, espesyalman an Repiblik Dominikèn.

Toussaint Louverture pa te pè atake sistèm kolonizasyon esklavajis la li te konsakre lavi li ap konbat. Se pou sa li fè fyète nou. Se pou sa n ap onore li. Èske Toussaint Louverture li menm fyè de nou menm Ayisyen jodi a, patikilyèman de otorite nou yo ?

Description de l'image