Kenyan yo rive nan peyi Dessalines nan

Yon premye kontenjan polisye kenyan rive Pòtoprens jodi madi 25 jen 2024 la. Sovè yo debake anfen. Se prèske menm chalè ki te genyen an 1994 lè lame amerikèn te debake pou te mete dlo nan diven lame d Ayiti ki t ap fè pèp la pase tout kalite mati. Jodi a popilasyon an pa konn ki sen pou li rele pou sa gang ak zam ap fè li pase. Je wont je, li kondidere se Kenyan yo k ap vin delivre li anba men gang ame san fwa ni lwa sa yo, devan echèk otorite peyi a.

Efektivman, yon avyon ki te pote 400 polisye kenyan te ateri nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture, nan Pòtoprens, jodi madi 25 jen 2024 la. Deplwaman sa a gen pou wè ak sa yo rele Misyon Miltinasyonal Sipò pou Sekirite an Ayiti (MMAS).

N ap raple Kenya te anonse entansyon li pou li pran lidèchip Misyon miltinasyonal sa a samdi 29 jiyè 2023 a. Li te angaje li pou li deplwaye yon kontenjan 1,000 polisye pou ede fòme ak ede polis ayisyen an retabli lapè nan peyi a epi pwoteje enstalasyon estratejik yo.

Konsèy Sekirite Nasyonzini te otorize deplwaman fòs miltinasyonal sa a ann Ayiti nan dat ki te lendi 2 oktòb 2023 a.

Nan yon mesaj ki pibliye sou kont X li, Premye Minis Garry Conille di nan non pa li ak nan non gouvènman Ayiti a, li salye detèminasyon gouvènman kenyan an ak pèp kenyan an pou akonpaye Ayiti nan lit kont ensekirite a k ap fini ak sosyete a. Li di gouvènman an ak pèp ayisyen an swete misyon miltinasyonal sa a se pral dènye misyon ki pral ede peyi a estabilize tout bon pou yo renouvle pèsonèl politik la epi retounen nan demokrasi tout bon vre.

Description de l'image