Kenya : vyolans yo pa sispann

KF: AFP / LUIS TATO (Vya Tv5monde)

Jedi 27 jen 2024 la, fòs lòd yo nan peyi Kenya te tire anpil gaz lakrimojèn ak bal kawotchou kont manifestan ki te desann nan lari a yon lòt fwa nan kad pwotestasyon jeneral pwojè lwa finans gouvènman an ki te ogmante taks yo te pwovoke.

Apre yon jounen vyolans kote 23 moun te pèdi lavi yo ak 300 lòt ki te blese daprè chif KHRC ki se ògán pwoteksyon dwa moun Kenya, Prezidan William Ruto te anonse gouvènman an fè bak sou pwojè lwa finans la. Li te di li pa t ap pibliye li epi yo t ap retire li.

Malgre sa te gen apèl pou manifeste epi plizyè sitwayen ak sitwayèn te desann nan lari kote yo t ap jwe yon veritab kachkach liben sere liben ak fòs lòd yo ki te deside pou yo kontrekare yo.

Gen nan sitwayen yo ki di yo pa gen konfyans nan pawòl Prezidan an ki di y ap rantre pwojè lwa a. Yo fè konprann Prezidan an pa kapab pran sou responsabilite li sèl pou li rantre pwojè lwa finans la, se nan palman an pou li retounen. Sa fè yo krenn pou palman an pa ta kanpe sou menm bit ak Prezidan an.

Description de l'image