Kenya : Prezidan William Ruto fè bak sou lwa finans la apre vyolans yo

KF: William Ruto sou facebook

Mèkredi 26 me 2024 la, Prezidan Kenya, William Ruto anonse li p ap pibliye lwa finans la ki te antrene yon pil vyolans nan tout peyi a epi ki lakoz plis pase 20 moun pèdi lavi yo avèk 300 lòt ki blese.

«Lè mwen fin tande pèp la ak anpil atansyon ki di li p ap danse kole ak lwa finans 2024 la, mwen bat ba epi mwen p ap pibliye lwa finans sa a y ap tou retire.» Se sa Prezidan Ruto deklare.

Hanifa Adan, youn nan prensipal vwa mouvman kontestasyon yo nan Kenya reyaji pou li di se yon operasyon komimikasyon Prezidan an fè. Li ajoute : «Ou rantre pwojè lwa a, men èske w ap rebay tout moun ki mouri yo lavi ?»

Prezidan Ruto fè deklarasyon sa a kote li di gouvènman an fè bak sou pwojè lwa finans la ki te leve kòlè pèp kenyan an, yon jou apre vyolans yo te pran yon vitès siperyè kote plis pase 20 moun pèdi lavi yo, 300 lòt soti blese ak kèk byen ki detwi.

Description de l'image