Kenskòf : Bandi fè dekabès sou polisye ki kite pòs yo al nan soulaje anba ti vant ak bèl chelèn

Pòtpawòl adjwen Lapolis Nasyonal d Ayiti a, Lionel Lazarre, pote presizyon sou yon ensidan ki rive Kenskòf nan lannuit vandredi 11 pou louvri samdi 12 avril 2025 kote yon seri polisye kite bandi fè dekabès sou yo lè yo depoze fizi, kite pòs yo epi al nan aktivite dous pou dous soulaje anba ti vant ak bèl chelèn.

Aksyon sa rive espesyalman nan lokalite Godè nan komin Kenskòf lè polisye yo depoze machin yo te ladan yo yon distans epi al mete sik sou bonbon yon seri medam ki te nan konfyolo ak gang yo. Ta sanble kou a te byen monte, pandan polisye yo ap ladoudous kò yo, tankou Samson ak Dalila, medam yo bay bandi yo yon espès touye je pou fè yo konnen tout bagay sou kontwòl.

Lè sa a, bandi yo debake tankou yon boulvari sou ofisye fòs lòd yo pandan y ap «sik-ay» epi yo sezi tout materyèl travay yo tankou zam, jilè pa bal, minisyon, eks. Polisye yo menm lè pou yo ta defann tèt yo, yo sanble pa te menm sonje kote yo te lage vye fizi a nan anpresman pou yo t al pase bon moman ak bèl chelèn nan fredi Kenskòf.

Kòm konsekans zak lejète ak endisiplin sa a, daprè Pòtpawòl adjwen PNH la, bandi yo pike dife nan 3 veyikil Lapolis epi sezi anpil materyèl pou fòs lòd yo, an plis, 5 polisye soti blese al pran swen lopital epi youn disparèt.

Kòm se nan 2 kay diferan ajan fòs lòd yo t al mennen aktivite jwèt manman ak papa avèk bèl chelèn yo, gen youn nan kay yo kote Lapolis rive rekipere materyèl polisye yo ki te mete van nan vwèl yo lè bandi yo fè va sou yo.

Lapolis Nasyonal d Ayiti, nan vwa Pòtpawòl adjwen an, fè konnen li deja louvri yon ankèt sou dosye sa a, atravè Enspeksyon Jeneral PNH la, epi gen sanksyon k ap pran kont polisye ki an fot yo , akoz yo kite pòs yo epi al fanbre kò yo.

Yon lòt kote, Lapolis anonse l ap chache Taina Dérilus kou chen fou, paske li ta nan konfyolo ak gang ame yo, epi se li ki ta fè djòb konmisyonè «di l sa pou mwen oke mande l si l dakò» ant manm fòs lòd yo yo ak bèl chelèn yo polisye sa yo te deside al pwoteje e sèvi jou swa a.

Description de l'image
Kite yon kòmantè