Kanada sanksyone 3 chèf gang ankò

Minis Mélanie Joly. KF: LA PRESSE CANADIENNE / ADRIAN WYLD (Foto achiv / vya ici-radio-canada.ca)

Minis Afè Etranjè Kanada a, Mélanie Joly, anonse vandredi 21 jen Kanada frape 3 nouvo chèf gang ak sanksyon ekonomik pou jan yo kontribye nan simen latwoublay, ensekirite ak destabizasyon an Ayiti.

Chèf gang sa yo se Luckson Elan, Gabriel Jean-Pierre ak Ferdens Tilus. Depi yo tonbe anba sanksyon Kanada, yo p ap kapab gen relasyon ekonomik ak Kanadyen, tankou lòt 31 sitwayen ayisyen ki deja tonbe anba sanksyon peyi ki plis nan Nò nan Amerik la.

Minis Afè Etranjè a fè konnen Kanada p ap rete chita sou blòk glas li pou li kwaze de bra li kanpe gade gang yo ap teworize moun ki pi frajil yo.

Description de l'image