Kanada fè Lapolis kado yon kantite materyèl defans ak anti emet

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) resevwa yon lo konsekan ekipman defans ak anti emet nan men Kanada, espesyalman Kebèk mèkredi 5 novanm 2025 la.

Se Anbasadè Kanada a menm, Mesye François André Giroux, ki t al remèt PNH ekipman sa yo Ministè Relasyon Entènasyonal Frankofomi finanse. Anbasadè a te akonpanye avèk sirentandan Daktari Chan ak Lyetnan Pascal Courtemanche nan Jandamri Wayal Kanada.

Kòmandman an Chèf PNH la, Mesye André Jonas Vladimir Paraison, pa te manke pa remèsye Kanada pou èd sa a ki pral pèmèt polisye yo pi efikas nan travay yo.

Anbasadè Kanada a li menm te reyafime angajman peyi li bò kote Lapolis Nasyonal d Ayiti pou sekirite kapab retabli nan tout peyi a

Description de l'image
Kite yon kòmantè