Jodi a se te dezyèm match seleksyon senyò foutbòl maskilen Ayiti a nan kad eliminatwa mondyal foutbòl FIFA 2026 yo. Ayiti montre li pa vin jwe nan gwoup C a lè li pase Babad yon savonnad 3 a 1 lakay li apre li te fin vannen Sent-Lisi 2 a 1 jedi 6 ki sot pase a.
Ak viktwa sa a, Ayiti totalize 6 pwen sou 6 menm jan ak Kiraso men Ayiti okipe 2èm plas la akoz Kiraso gen pi bon gòl diferans. Kanta Sent-Lisi, Awouba ak Babad, yo tout gen 0 pwen. N ap raple se 2 premye yo k ap kalifye nan chak gwoup pou al jwe pwochen tou a.
Moun ki te make pou Ayiti aswè a se L. Deedson (12′), D. Lacroix (45+1′) ak B. Labisdière (84′). Pou Babad se N. Reid-Stephen (73′).
