Justin Trudeau fè yon kraze kite sa kòm Premye Minis Kanada

© Dave Chan / AFP

Jan bri a t ap kouri depi dimanch sou yon posib demisyon li, Premye Minis Kanada a, Mesye Justin Trudeau anonse jodi lendi 6 janvye 2025 la li deside fè yon kraze kite sa kòm Chèf Pati Liberal la epi kòm Premye Minis peyi Kanada.

Mesye Trudeau ap rete nan pòs li sepandan jiskaske pati a chwazi yon nouvo Chèf. Li deklare devan laprès :

«Mwen gen entansyon demisyone nan pòs mwen kòm Chèf pati epi Premye Minis depi pati a chwazi Chèf k ap vin ranplase m nan.»

Desizyon Mesye Trudeau pou li demisyone a vini sèlman kèk mwa avan pwochen eleksyon lejislatif yo ki pral fèt an oktòb. Menm si Mesye Trudeau te gen entansyon kandida ankò men pou jan li bese nan sondaj yo montre li pa t ap gen twòp chans.

An pòs depi 2015, Mesye Trudeau ki te deja frajil paske pati li a minoritè nan palman an epi paske yo repwoche li se li ki responsab lavi chè a, li te pran yon gwo kou avèk demisyon Vis Premye Minis epi Minis ekonomi an, Chrystia Freeland nan mwa desanm pase a.

Description de l'image