Julian Assange libere

Julian Assange an 2014. KF: wikipedia

Fondatè WikiLeaks la, Ostralyen Julian Assange lib pou li sikile jan li vle. Li p ap ekstrade nan peyi Etazini ankò apre li te fin plede koupab devan yon tribinal ameriken nan Saypan, nan zile Maryàn, mèkredi 26 jen 2024 la.

Sa fè plizyè ane depi Julian Assange nan kouri. Lajistis amerikèn te dèyè li pou dokiman klase sekrè defans ki gen rapò ak diplomasi amerikèn ak lagè an  Irak la li te pibliye. Toudabò li te kache nan yon anbasad Ekwatè an Angletè, apre sa li te fèmen nan yon prizon britanik.

Avèk aranjman plede koupab sa a, lajistis kondane li kanmenm pou li pase 62 mwa dèyè bawo. Men kòm li te gentan fè tan sa a deja, li rive soti nan tribinal la libelibè.

Li te gen yon lòt pwosedi jidisyè ki te louvri kont li an Syèd pou vyòl, men dosye sa a te klase an 2019. Sa vle di fondatè WikiLeaks la lib pou li sikile jan li vle san li pa bezwen ap kache pou lajistis ankò.

Madanm li, Stella Assange dekkare : «Li pa te janm dwe pase yon jou nan prizon, men jodi a n ap selebre paske Julian lib», pandan li denonse pousuit amerikèn yo li di ki se atak kont jounalis.

Epi li ajoute : «M ap mande nou pou nou ban nou espas, entimite, pou nou jwenn plas nou, kite fanmi nou vini yon fanmi avan pou li pale ankò nan moman l ap chwazi pou sa.»

Description de l'image