Nan okazyon Jounen Mondyal SIDA dimanch 1e desanm 2024 la, yon kominike ki soti nan Primati fè konnen Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ap defann dwa lasante nan mitan kriz la.
Primati a deklare Jounen Mondyal SIDA sa a se yon kri lespwa ak rezistans pou Ayiti. Li fè konnen tèm «An nou suiv chemen dwa nou – sante nou se dwa nou» montre yon lòt fwa lasante se yon dwa sakre menm nan mitan gwo boulvès.
Kominike Primati a konstate gen anpil pwogrè ki fèt nan lit kont maladi SIDA, men malgre sa gen anpil anpil Ayisyen kriz sekirite a pyeje. Vyolans ki pa janm sispann yo ak ensekirite a ki gaye kò li tout kote fè anpil anpil moun pa rive kapab jwenn swen lasante, sa ki ogmante soufrans yo epi menase tout pwogrè ki deja fèt yo, daprè konsta Primati a ki deklare tou gen moun k ap pèdi lavi yo chak jou, se pa paske manke tretman, men akoz li vin twò danje pou moun sa yo ale nan sant sante pou yo resevwa swen.
Primati a fè konnen Ayiti pa bat ba pou sa malgre kriz ensekirite a. Li fè konnen Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pa manke fè efò pou retabli sekirite pou tout moun kapab gen aksè ak swen esansyèl yo. Men efò sa yo pa sifi, daprè kominike a ki deklare se yon obligasyon pou ranfòse solidarite entènasyonal la pou kore pèp ayisyen an nan konba l ap mennen pou lavi li ak diyite li.
Anfen kominike Primati a deklare Jounen Mondyal SIDA 2024 la raple nou gwo verite sa a : chak enfeksyon nou evite, chak vi ki sove, se yon viktwa pou limanite. Li envite nou brize tout baryè inegalite pou nou bay Ayiti chans pou li konstwi yon demen kote tout moun ka jwenn lasante, lapè ak lespwa.

