Ete sa a ap cho cho cho sou plan espòtif. Koup d Ewòp Nasyon yo, Kopa Amerika, ak Je Olenmpik, se sa k ap nan meni ete a.
Nan twa gwo konpetisyon sa yo, se Koup Ewòp Nasyon yo k ap louvri bal la vandredi 14 jen sa a. Konpetisyon sa a ap dewoule an Almay epi l ap dire jis 14 jiyè. Se 24 ekip ki kalifye pou al jwe Koup Ewòp Nasyon yo. Ekip sa yo repati nan 6 gwoup ki gen 4 ekip yo chak kote 2 premye nan chak gwoup plis 4 mèyè 3èm yo ap kalifye pou faz eliminasyon dirèk yo.
Fyète Kreyòl Enfo ap kenbe ou enfòme pandan tout dewoulman konpetisyon an. Annatandan, men pwogram pou wikenn nan.
Vendredi 14
Gwoup A : Almay – Ekòs (15 : 00)
Samdi 15 jen
Gwoup A : Ongri – Suis (09 : 00)
Gwoup B : Espay – Kwowasi (12 : 00)
Gwoup B : Itali – Albani (15 : 00)
Dimanch 16 jen
Gwoup D : Polòy – Peyi Ba (09 : 00)
Gwoup C : Esloveni – Dànmak (12 : 00)
Gwoup C : Sèbi – Angletè (15 : 00)
N ap raple se Itali ki chanpyon an tit nan Koup Ewòp Nasyon yo. Li menm li pral defann tit li men 23 lòt nasyon yo pral goumen pou yo mete do Itali atè pou yo pran tit la ane sa a.
