Gouvènman Repiblik la anonse reouvèti Tribinal Premye Enstans Pòtoprens la ak kreyasyon de pòl jidisyè espesyalize, nan yon kominike ki pote dat 24 mas 2025 la.
Gouvènman an fè konnen se nan kad jefò li di ki pa janm sispann l ap fè pou retabli sekirite, ranfòse leta de dwa epi garanti yon jistis san fòs kote k ap sèvi tout moun, li anonse reouvèti Tribinal Premye Enstans Pòtoprens la, apati premye semèn mwa avril.
Gouvènman an anonse, yon lòt kote, li pral adopte yon dekrè ki pral mete an plas de pòl jidisyè espesyalize nan pwochen Konsèy Minis la, pou yo kapab pote bon jan repons pou kesyon enpinite a, epi pou yo kapab trete dosye sansib yo kòmsadwa.
Yon pòl pral gen konpetans pou jije tout moun ki komèt gwo krim kont popilasyon an ak tout konplis yo. Pòl sa a ap kapab jije vyolans yo fè sou fanm ak ti fi tou. Kominike a presize lajistis dwe kanpe pou pare kou pou moun ki viktim zak baba sa yo epi garanti pou viktim yo jwenn reparasyon.
Lòt pòl la pral espesyalize nan lit kont krim finansye. Li pral jije tout moun ki fè krim finansye ak tout konplis yo. Gouvènman an fè konnen lit kont kòripsyon ak detounman lajan Leta se yon priyorite pou yo kapab rejwenn konfyans sitwayen yo.
Gouvènman an deklare mezi sa yo montre volonte san fay li di li genyen pou li ranfòse randman sistèm jidisyè a, pou konbat tout kalte fòm enpinite epi pou yo bay sitwayen yo garanti yon jistis san fòs kote ki pa an chemiz de nui.
