Jou 25 desamm 2024 la se yon jou vrèman espesyal pou tout ktetyen katolik nan lemonn. Non sèlman se selebrasyon Nowèl ki make nesans Senyè Jezi, men tou se jou Pap François lanse Jibile 2025 la ki anonse yon lane sen pou fidèl katolik yo.
Pap François dekrete jibile 2025 la nan yon seremoni eksepsyonèl wololoy lè li louvri Pòt Sen bazilik Sen Pyè a a Wòm. Se menm bagay la ki fèt tou nan twa lòt gwo bazikik nan vil Wòm yo : Sen Pòl, Sent Mari Majè, Sen Jan de Latran. Epi sa repete nan lemonn antye. Jibile a ki kòmanse 25 desamm nan ap rapousuiv jis 6 janvye 2025. Se yon peryòd ki chaje tout kalte evènman, selebresyon, rasanbleman, pèlerinaj kote fidèl legliz katolik yo rantre nan yon renouvèlman espirityèl.
Avan Pap François, dènye Pap ki te dekrete yon jibile se te Pap Jean Paul II nan lane 2000, piske jibile a se chak 25 an. Jibile a gen orijin li nan Ansyen Testaman, nan liv Levitik chapit 25 vèsè 10, kote Bondye di pèp li a :
«N a mete senkantyèm lane sa a apa pou Bondye, epi n a bay lòd pou yo bay tout moun ki esklav nan peyi a libète yo pou tout lane a. Se va yon lane rejwisans pou tout moun. Lane sa a, tout sa yo te vann avan ap tounen pou ansyen mèt yo ankò osinon pou eritye yo. Tout moun ki te esklav ap tounen lib lakay yo.»
Se nan ane 1300 Pap Boniface VII te deside mete ane jibile a chak 25 an. Se konsa chak 25 an yo dekrete yon lane lagras kote fidèl yo libere anba traka yo, anba dèt yo. Se yon moman padon kote peche yo padone, yon moman kominyon ak lanmou youn pou lòt. Se yon gwo moman pou tout kretyen ki anba mizerkòb Bondye nan nouvo lavi Jezi bay la.
Ane sa a, tèm Pap François chwazi pou jibile a se : «Pèleren nan lesperans». Se yon tèm ki envite kretyen yo pou yo viv lane jibile a sou siy lesperans.

Nan moman li t ap devwale logo lane jibile 2025 la, ansyen Prezidan Konsèy Pontifikal pou yon Nouvèl Evanjelizasyon an, Monseyè Rino Fisichella, te jistifye tèm sa a pa rapò ak evènman ak enkyetid k ap souke lemonn jodi a. Li te fè konprann li ijan pou kretyen yo viv jibile a sou siy lesperans. Monseyè Fisichella deklare :
«Chak lane sen nan istwa legliz la pran sans li lè li plase nan kontèks istorik limanite ap viv nan moman an, patikilyèman lè li kapab li siy ensètitid ak ajitasyon ki mare ak sa moun yo espere. Frajilite n ap viv nan dènye moman yo, mete sou krent vyolans lagè fè kondisyon moun vin pi konplike : yon kote, moun yo santi y ap sibi pouvwa teknoloji a ki kondisyone lavi chak jou yo, yon lòt kote yo santi yo nan konfizyon, san okenn sètitid sou kòman demen yo ap ye. Tèm «Pèleren nan lesperans» la montre nesesite pou nou bay tan n ap viv la yon sans, pou li kapab tounen yon veritab pon pou nou rantre nan demen, pou nou kapab fè fas ak bann defi k ap prezante devan nou tanzantan, epi pou nou jwenn bon jan repons pou yo.»
Bon lane jibile 2025 pou tout fidèl kretyen katolik !

