Lanmou se youn nan pi bèl eksperyans moun ka viv nan egzistans li. Men, malerezman, anpil jèn jodi a ap mache nan konfizyon total sou sa lanmou ye vrèman. An nou egzamine ansanm rezon ki fè yo pa ka konprann lanmou, sa ki fè yo rive fè anpil move eksperyans, epi kijan yo ka chanje direksyon.
1. Poukisa jèn jodi a pa konprann lanmou ?
Kiltirèlman ak sosyalman, lanmou vin pèdi valè li jodi a. Nan epòk modèn nan, anpil bagay ki te gen valè nan lanmou tradisyonèl pèdi sans yo. Medya sosyal, mizik, ak sinema enpoze yon vizyon sipèfisyèl sou lanmou, kote aparans, materyalis, ak sansasyon pase an premye. Jèn yo grandi ap gade relasyon ki pa gen ni respè ni devouman, epi yo adopte menm modèl sa yo.
Sa vin kreye yon mank fondasyon emosyonèl. Fòmasyon emosyonèl la manke nan anpil fanmi. Anpil jèn pa aprann kijan pou yo byen kominike, yo pa aprann konpasyon, oswa renmen lòt moun san yo pa oblije ap tann yon bagay an retou. Sa kreye yon kilti kote lanmou vin yon tranzaksyon olye li tounen yon devouman.
Yon lòt kote, enfliyans medya sosyal se yon lòt gwo faktè ki fè lanmou vin pèdi valè li. Diferan fòm itilizasyon medya sosyal yo bay yon enpresyon lanmou se sèlman yon jwèt vanite. Relasyon yo vin rapid epi anpil fwa yo pa gen okenn pwofondè. Sa fè lanmou tounen yon bagay pasaje kote pa gen okenn espas pou konprann sa vrè lanmou vle di vrèman.
2. Poukisa pi fò nan jèn jodi a fè move eksperyans lanmou ?
Lanmou an vin twò rapid epi san refleksyon k ap gide li. Anpil relasyon kòmanse san fondasyon. Anpil jèn yo antre nan relasyon pou rezon tankou presyon zanmi oswa atirans fizik, san yo pa poze kesyon esansyèl pou konnen si moun yo, youn ka mache ak lòt, si yo sanble, ki valè yo kwè ladan li osinon y ap defann.
Pi fò jèn yo pa gen matirite emosyonèl pou jere relasyon ki mande konfyans, devouman, ak pasyans. Chak ti pwoblèm tounen yon dezas, epi yo kite relasyon an nan konfizyon.
Yon lòt pwoblèm ankò, jèn yo souvan fè eksperyans trètiz ak manti nan relasyon yo. Sa kite mak, epi yo vin apwoche lanmou ak anpil dout. Yo vin pa ka fè lanmou konfyans ankò.
3. Èske plezi seksyèl avan lanmou se sa ki enterese jèn yo vrèman ?
Mo alamòd tankou «besti», «besto», «sèksfrenn» (sex friend) montre yon gwo chanjman nan fason yo defini relasyon jodi a. Pandan mo sa yo ta sanble sonnen inosan, yo souvan itilize pou kache relasyon ki pa gen okenn angajman reyèl. Sèksfrenn nan li menm vin popilè paske li dekri relasyon ki baze sèlman sou seksyalite. Sa redui lanmou nan yon nivo ki plis fizik olye yon lanmou emosyonèl.
Mo sa yo tradui yon refi pou jèn yo ta antre nan relasyon ki mande angajman, epi yo montre plezi seksyèl gen plis enpòtans pase lanmou ki baze sou konpreyansyon ak devouman.
4. Ki Kote deriv sa a ap mennen jèn yo?
Tout deriv sa yo montre yon jenerasyon ki pa konn renmen tout bon. Si jèn yo kontinye ap mache sou chemen sa a, nou riske gen yon jenerasyon ki pèdi sans lanmou. Yo pral jwenn tèt yo nan relasyon ki pa gen pwofondè epi ki p ap kapab dire.
Sa pral kreye pwoblèm sikolojik ak emosyonèl. Plezi seksyèl san lanmou ka mennen nan depresyon, solitid, ak mank konfyans nan pwòp tèt moun ki livre li nan pratik sa a. Anpil jèn ap soufri an silans akoz yo santi yo itilize yo, oswa yo pa ase pou lòt moun.
Sa kapab antrene konsekans fizik tou tankou gwosès san planifikasyon, maladi moun ka trape nan fè sèks, san konte vyolans ki kapab mete pye lè relasyon yo baze sèlman sou seksyalite.
5. Kisa ki kapab fè jèn yo pran konsyans epi pran bon chemen vrè lanmou an ?
Nan sans sa a, edikasyon sou lanmou ak relasyon yo gen yon gwo gwo enpòtans. Lekòl, fanmi, ak kominote yo bezwen mete lanmou kòm yon sijè diskisyon. Yo dwe anseye diferans ant lanmou, atirans, ak obsèvasyon seksyèl.
Jèn yo ta dwe suiv modèl pozitif yo. Anpil jèn pa gen bon egzanp nan fanmi oswa antouraj yo. Nou bezwen montre yo relasyon ki baze sou respè, pasyans, ak konfyans.
Nou ta dwe rebay moralite ak espirityalite valè ankò. Lanmou pa sèlman fizik. Li se yon eksperyans espirityèl. Nou dwe retounen nan prensip moral ki montre lanmou mande sakrifis, pasyans, ak devouman.
Nou ta dwe pratike yon kominikasyon ouvè. Anpil jèn bezwen yon espas kote yo ka pale san yo pa santi lòt moun ap jije yo. Fanmi ak zanmi yo dwe ankouraje yon kilti diskisyon lib sou relasyon ak lanmou.
Konklizyon
Lanmou se pa yon jwèt, epi li mande angajman ak matirite. Jèn yo bezwen aprann plezi seksyèl san emosyon ap mennen yo nan yon avni vid ki plen traka. Se devwa nou kòm sosyete pou edike yo, montre yo bon egzanp, epi fè yo konprann lanmou pa janm mouri. Lanmou sèlman mande respè ak sakrifis pou li fleri.
Holson Montina
