Jean Marie Theodat : sèl yon kont-fòs ayisyèn kapab retire nou nan tchouboum, Kenyan yo p ap kapab

KF: umenlatinoamericano.org

Envite nan Au Coeur de l’Info sou France 24 samdi 30 jen 2024 la, Jewograf ak Ekriven Ayisyen Jean Marie Theodat ki se Mèt Konferans nan Inivèsite Panthéon Paris-Sorbonne  te abòde plizyè pwen cho nan aktyalite ayisyèn nan, patikilyèman kesyon sekirite a ak debakman premye kontenjan polisye kenyan yo nan peyi a.

Toudabò, Jewograf la konstate popilasyon ayisyèn nan viv debakman 400 polisye kenyan yo avèk yon fòm soulajman, sa ki vle di kominote entènasyonsl la resi pran mezi danje a, men tou avèk yon fòm desepsyon paske apre dans polisye kenyan yo sou pis ayewopò a, pa ko gen aksyon dirèk,  enpak dirèk. Li wè se nan senbòl nou ye toujou, nan enpak sikolojik, li di n ap tann enpak dirèk, aksyon dirèk.

Anplis li fè konprann 400 polisye pou fè fas ak 7 ou 8 000 gangstè ki ame ak zam lagè, sa pa sanble yon fòs k ap sifi pou remete lòd nan espas fizik la nan Pòtoprens.

Sou kesyon kijan nou fè rive nan sitiyasyon vyolans ekstrèm sa a kote gang kriminèl kontwole 80% kapital la, Jean Marie Theodat reponn nou rive la apati moman Leta pèdi monopòl vyolans lejitim epi monopòl sa a al tonbe nan men yon bann kriminèl. Avèk bann ame, avèk bann kriminèl pouvwa a te itilize kòm sipò pou fè represyon kont manifestasyon lejitim popilasyon an, pa egzanp an 2018 kote te gen gwo masak nan Lasalin pa egzanp kote ki te gen plis pase 80 moun yo te touye ak kout manchèt. Se pouvwa an plas la dabò ki enspire mòd vyolans sa a jiskaske Leta vin pa ka kontwole gangstè sa yo ankò. Jodi a se yo menm ki pa gen kont pou yo rann pèsonn k ap fè popilasyon an monte lesyèl pa do. Jodi a vyolans sa a montre klè Leta a efondre, nou pa kapab defann tèt nou nou menm, se poutèt sa li konsidere apèl pou entèvansyon etranjè sa a se vrèman yon SOS yon pèp ki an danje, epi li panse gen lòt peyi ki gen plis mwayen, plis volonte epi plis senpati pou Ayiti, men malerezman tout peyi ki ta dwe vin ede nou ap rale kò yo dèyè, daprè sa Jewograf la konstate.

Li di pèsonn pa vle vin ede Ayiti paske yo kondidere Ayiti tankou yon twou nwa kote pèsonn p ap soti vivan. Pou Kenyan yo, li di yo pa sifi, yo pa ame ase epi li pa kwè yo gen volonte pou yo vin mouri pou Ayiti, paske se sa li ye. Se pa flè y ap vin plante Pòtoprens, men pou yo vin sekirize yon popilasyon k ap sibi vyolans kriminèl yon bann mafya.

Otè Oser la liberté: figures des combats contre l’esclavage la te abòde plizyè lòt dosye tankou nouvo Premye Minis Garry Conille, eleksyon. Finalman, li fè konnen mesaj li genyen se pou Ayisyen revòlte. Li deklare bay jounalis la :

«Si m te gen 20 an toujou se pa dèyè yon mikwo mwen t ap ye ap pale avèk ou, men se yon fizi ki t ap nan men m paske jodi a brigan anvayi peyi a, sèl yon kont-fòs ayisyèn, sa vle di moun ki pare pou bay san yo pou peyi a jan sa te fèt deja an 1804 pou nou te pran endepandans, kapab retire nou nan twoubou m nan, Kenyan yo p ap kapab.»

Description de l'image