Nan yon kominike ki parèt 7 jen 2024 la, Biwo Komimikasyon Primati a anonse popilasyon an an jeneral ak laprès an patikilye Mesye Jean Jul Désauguste se nouvo Pòtpawòl Premye Minis Garry Conille.
Mesye Désauguste ki pral jwe wòl Pòtpawòl sa a se te jounalis nan Radyo Tele Métropole
Fyète Kreyòl Enfo espere nouvo Pòtpawòl la pral pote pawòl Premye Minis la nan bon jan kreyòl popilasyon an kapab konprann.
