Javier Mascherano pa ta bezwen fè yo sa

KF: Getty images (vya Eurosport)

Lè ou pral nan batay, an jeneral ou chache pi gwo zam ou pou ou kapab gen yon avantaj sou advèsè a. Sanble se sa antrenè seleksyon olenmpik Ajantin nan, Javier Mascherano pare pou li fè nan kad konpetisyon olenmpik Pari 2024 yo.

Nan konpetisyon olenmpik foutbòl maskilen ki pral dewoule nan kad je olenmpik Pari 2024 yo, chak ekip dwe genyen 18 jwè epi jwè sa yo dwe fèt swa 1e janvye 2001 osinon apre dat sa a. Men pami 18 jwè sa yo, sèlman 3 kapab fèt avan 1e janvye 2001 an.

Nan sans sa a, anpil jwè nan seleksyon Ajantin nan ki deja chanpyon nan diferan konpetisyon nan nivo senyò ta byen renmen al fè eksperyans olenmpik la epi dekwoche yon meday avèk Ajantin.

Si nan yon premye tan apre kalifikasyon seleksyon olenmpik Ajantin nan gen non sipèsta tankou Messi ak Di Maria ki t ap site pou ranfòse jèn yo, nan moman sa yo ta sanble sa pa ko klè pou jwè sa yo paske ete a ap chaje anpil pou yo. Je olenmpik yo ap kòmanse yon ti tan apre kopa amerika a kote seleksyon senyò Ajantin nan pral defann tit chanpyon li. Kopa amerika a se 20 jen pou 14 jiyè epi je olenmpik yo se 26 jiyè pou 11 out. Anplis, gen pwoblèm klèb jwè yo ki kapab pa vle libere yo. Nan ka Messi, Tata Martino ki se antrenè Entè Mayami te deja di se youn nan konpetisyon yo pou li chwazi.

Lòt sipèsta ki swete al diskite konpetisyon olenmpik la, se gadyen lejann Ajanten an, Emiliano Martinez. Epi ta sanble se ta souwè Javier Mascherano tou. Ebyen pawòl la annik pale, medya fransè yo kòmanse plenyen. Yo rele Emiliano Martinez bouwo, bèt nwa foutbòl fransè a pou jan li te briye nan final mondyal 2022 a devan Lafrans, epi pi pre nou la a nan ka de final Lig Ewopa Konferans la devan Lil.

Èske Emiliano Martinez pral gen chans danse devan yon piblik fransè apre yon pèfòmans estrawòdinè ankò ? Imajine yon final olenmpik Ajantin – Lafrans ki ta rive nan penalite. Kijan jwè olenmpik fransè yo pral choute? Martinez deja rantre nan tèt tout jwè fransè ak tout piblik fransè a.

Pou Javier Mascherano, se sa yo rele chache kont. Si ou konnen yo pè Martinez konsa, pa manke gadyen. Fè pa yo, ale ak yon lòt. Evite plenyen an ki gentan kòmanse twò bonè.

Description de l'image