Vandredi 5 jiyè 2024, se te dezyèm match 1/4 de final Kopa Amerika 2024 la apre Ajantin te fin elimine Ekwatè nan penalite jedi 4 jen avèk yon Emiliano Martinez de gala. Dezyèm 1/4 de final sa a te mete fas pou fas Venezyela ki te fini premye nan gwoup B a avèk 9 pwen sou 9 epi Kanada ki te fini dezyèm nan gwoup A a dèyè Ajantin.
Bonè bonè, Kanada te fè premye kout zepon an lè J. Shaffelburg te louvri eskò a nan 13èm minit. Venezyela ki te pran sapatonn nan te oblije reyaji paske se yon plas an demi final ki te an je. Efektivman, ti kras apre lè de je a (64′), S. Rondón ta pral jwenn egalizasyon an. Eskò a pa te chanje ankò jous abit la te soufle match fini epi yo ta pral pase dirèk dirèk nan seyans choute penalite.
An gwo se yon match ki te ekilibre. Menm si Venezyela te gen plis posesyon (56% kont 44% pou Kanada), te gen 16 chout nan chak kan epi Kanada te kadre 7 kont 3 pou Venezyela.
Nan penalite yo, premye seri a te fini 3 – 3 paske 2 jwè te rate nan chak kan. Yo te oblije kòmanse yon dezyèm seri ki pa te dire piske sizyèm tirè Kanada a te make epi pa Venezyela a te rate. Se konsa Kanada genyen seri a 4 – 3 epi li tou pouse do Venezyela mete li deyò nan konpetisyon an. Se istorik pou Kanada ki pral jwe 1/2 final Kopa Amerika pou premye fwa kote li pral opoze ak Ajantin Lionel Messi ki te deja bat li 2 – 0 nan faz gwoup yo.
Demen samdi 6 jiyè a, Kopa Amerika a ap kontinye avèk 2 lòt 1/4 de final yo kote Kolonbi pral afwonte Panama a 6 zè PM epi Brezil pral toke kòn li ak Irigwe nan yon match gason pa kanpe a 9 è PM.
