Hérold Jean François anfòm kon bas

KF: Hérold Jean François sou X

Nan yon mesaj ki pibliye sou X, PDG Radyo Ibo a, Hérold Jean François, di li sezi tande kijan swadizan nouvèl lanmò li fè zanmi li, fanmi li, kolaboratè li, konfrè li ak moun ki apresye travay li sezi.

Li fè konnen li anfòm, epi move nouvèl sa a montre li kijan tout sektè apresye kontribisyon li pou deba chanjman ak demokrasi a pa kanpe.

Yon lòt kote, Radyo Ibo fè konnen jodi dimanch 2 jen an PDG a anfòm kon bas epi l ap nan travay li san mank lendi 3 jen. Li di sa pou fè sispann tout rimè ki ta ale nan sans kontrè.

N ap raple rezo sosyal yo te anvayi ak rimè lanmò PDG Radyo Ibo a nan nuit samdi pou louvri dimanch wikenn sa a.

Description de l'image