Apre enstalasyon ofisyèl ansyen Direktè Jeneral Lapolis la, Mario Andresol, kòm Sekretè d Eta Sekirite Piblik, yon gwo reyinyon sou sekirite te reyalize 14 janvye 2025 la.
Reyinyon sa a Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé t ap prezide te genyen ladan li Minis Defans la, Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Minis Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal yo, Nouvo Sekretè d Eta Sekirite Piblik la, Wo kòmandman Lapolis Nasyonal d Ayiti a ak Wo kòmandman Fòs Lame d Ayiti a, san bliye Misyon miltinasyonal yo di ki vin apiye sekirite an Ayiti a.
Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ki pa janm rate okazyon pou renouvle gwo angajman ak detèminasyon li di li genyen pou retabli sekirite nan peyi a te fè konnen sekirite sitwayen yo se yon priyorite nasyonal. Li te montre jan sa nesesè pou tout enstitisyon k ap goumen pou sekirite yo ranfòse kolaborasyon yo, epi byen itilize resous ki disponib yo pou kase chenn vyolans la ak zak kriminèl yo ki vle detwi sosyete a.
Premye Minis la, pandan li fè remake rezistans pèp ayisyen an anba tray l ap pase yo mande yon repons kòrèk, rapid tout fòs Leta a, li mande pou tout aktè nan sosyete a mobilize pou yo ka rive jwenn mwayen derasinen tout koz ensekirite yo pou lòd piblik kapab retabli.
Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé montre jan li nesesè tou pou ranfòse koperasyon ak patnè entènasyonal yo pou yo kapab garanti yon anviwònman k ap pèmèt rekonstwi peyi a epi kreye devlopman dirab.
Premye reyinyon sa a ki fèt apre enstalasyon Sekretè d Eta Sekirite Piblik Mario Andresol, otorite yo fè konnen se kòmansman yon seri aksyon prese prese y ap fè nan objektif pou pote repons pou kriz ensekirite a.
