Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse a 4 è nan apre midi jodi 30 janvye 2025 la gen yon gwo delegasyon ki al rankontre Direktè Jeneral PNH la, Mesye Rameau Normil.
Delegasyon sa a se Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé k ap dirije li epi li genyen ladan li Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Mèt Patrick Pélissier, Minis Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal yo, Mesye Paul Antoine Bien-aimé, Sekretè d Eta Sekirite Piblik la, Mesye Mario Andresol.
San li pa presize objektif rankont sa a, Lapolis fè konnen delegasyon an ap rankontre Direktè Jeneral la ansanm ak Wo kòmandman PNH la.
N ap souliye fenomèn ensekirite jeneralize a toujou rete yon kastèt chinwa pou otorite yo fas ak gang ame yo ki derefize bat ba. Dènye poteboure gang yo fè sou popilasyon sivil la se nan kòmansman semèn sa a menm nan komin Kenskòf kote plizyè moun pèdi lavi yo ak plizyè kay ki boule.
