Gwo chèf PNH yo ap chèche yon plan estratejik sekirite pou konbat gang ame yo

Otorite Lapolis Nasyonal d Ayiti yo pa sispann fè tèt yo travay pou wè si yo ta jwenn bon estrateji ki pou ta pèmèt yo mete yon ola nan fenomèn ensekirite jeneralize a ki prèske fini ak tout nanm peyi a.

Se konsa Direktè Jeneral Lapolis la, Mesye Rameau Normil, te rankontre Responsab diferan inite espesyalize PNH la dimanch 19 janvye 2025 sa a nan Direksyon Jeneral Lapolis la, nan Klèsin, komin Taba, pou yo pale ant chèf sou kesyon ensekirite a.

Diskisyon yo te fèt sou elaborasyon yon plan estratejik sou sekirite ki kapab pèmèt yo reponn kòmsadwa menas gang ame yo k ap simen latwoublay nan mitan popilasyon an.

Lapolis Nasyonal d Ayiti fè konnen li renouvle angajman san fay li genyen pou li konbat fenomèn gwo banditis la, pou li kapab retabli lòd ak lapè nan tout peyi a.

Description de l'image