Gwo chanjman anonse nan diplomasi ayisyèn nan

Chanselyè Ayiti a, Minis Dominique Dupuy, anonse gwo chanjman nan diplomasi ayisyèn nan pandan peryòd tranzisyon an.

Nan yon mesaj ki pibliye sou kont X ministè l ap dirije a, Chèf diplomasi ayisyèn nan fè konnen apre yo fin evalye pwofil ak pèfòmans pèsonèl diplomatik yo, avèk akò Premye Minis Doktè Garry Conille, li deside lanse pwosedi rapèl nan plizyè misyon, san li pa presize ki misyon ki konsène yo. Li tou presize se plis fanm ki pral dirije misyon diplomatik Ayiti yo pandan tranzisyon an.

«Aprè yon evalyasyon pwofil ak pèfòmans pèsonèl diplomatik yo, epi avèk akò PM lan @PrimatureHT, mwen lanse pwosedi rapèl nan plizyè misyon. Nan enterim lan, plis pase mwatye misyon nou yo ap gen fanm ki pral dirije yo. Se premye fwa sa fèt nan diplomasi ayisyen an.»

Description de l'image