Jodi lendi 1e jiyè 2024 la, sou lòd nouvo Direktè Jeneral a.i. Lapolis Nasyonal d Ayiti a, Mesye Rameau Normil, Enspektè Jeneral Jean Maurest Étienne enstale Komisè Divizyonè Ronald Michel kòm nouvo Kòmandan Gwoup Entèvansyon Lapolis Nasyonal d Ayiti (GIPNH/SWAT).
Komisè Divizyonè Ronald Michel vin ranplase nan pòs sa a Komisè Prensipal Richardson Mersan ki li menm transfere nan Direksyon Santral Lapolis Administratif (DCPA)
Seremoni enstalasyon sa a te fèt nan prezans plizyè ajan GIPNH/SWAT. Li rantre nan kad chanjman chèn kòmandan nouvo Direktè Jeneral a.i. Lapolis Nasyonal d Ayiti a, Mesye Rameau Normil.
