Gresye : yon cha lapolis pase anba flanm dife

Jodi lendi 27 me 2024 la, anpil imaj k ap sikile sou rezo sosyal yo montre yon cha lapolis ki anba flanm dife nan Gresye, pandan bandi ak zam ap chante vanyen yo devan imaj lawont sa a.

Cha sa a ta boule nan lokalite Kolonbye nan kad toke kòn ki genyen ant lapolis ak gang ame yo ki vle enpoze lwa yo nan komin Gresye a.

Enfòmasyon yo ta fè kwè tou ta gen youn ou de polisye ki ta blese ak bal men ki pa ta grav.

Depi 10 me, gang ame yo te atake komisarya Gresye a men lapolis te anonse kèk tan apre li te reprann kontwòl komisarya a. Lapolis te mande popilasyon an rete tèt frèt pandan li t ap travay pou retabli lòd nan komin nan.

Nan dat 19 me, lapolis te anonse ankò li mennen operasyon kote li te mete dòmi nan je plizyè bandi epi sezi plizyè fizi daso nan Gresye.

Men ta sanble bandi yo pa bat ba. Anpil moun Gresye oblije sove kite kay yo epi se ak anpil ris pou moun pase sou wout nasyonal la ki travèse vil Gresye.

Popilasyon ayisyèn nan ap monte yon maswife anba men gang ak zam tout kote nan peyi a nan dènye tan sa yo. Otorite yo ki gen misyon pou bay pèp la sekirite yo menm ap tann Sen Kenya.

Description de l'image