Seremoni gradyasyon 34èm pwomosyon Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) te dewoule nan Akademi Lapolis la vandredi 10 janvye 2025 la. An tou se 700 nouvo polisye ki gradye, apre 6 mwa yo te pase ap pran fòmasyon, pou vin ranfòse efektif enstitisyon polisyè a.
Nan okazyon sa a, plizyè pèsonalite te reponn prezan tankou Prezidan Konsèy Tranzisyon an, Mesye Leslie Voltaire, ansanm ak lòt Konseye Tranzisyon an, Premye Minis peyi a, Mesye Alix Didier Fils-Aimé, Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Met Patrick Pélissier, Wo grade Lapolis la ak Fòs Lame d Ayiti.
Mesye Leslie Voltaire te egzòte nouvo polisye yo pou se lalwa ki sèl bousòl yo nan egzèsis fonksyon yo pandan li te felisite yo pou angajman yo nan kò Lapolis la. Li te mande yo pou yo rantre nan batay kont gang ame yo pou pèmèt lib sikilasyon retounen nan peyi a pandan ane 2025 la.
Bò kote pa li, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé te felisite nouvo polisye ak tout fòs lòd yo pou angajman yo nan batay kont ensekirite a. Li te fè konnen lapè ak sekirite se pi gwo priyorite pou gouvènman li a ki p ap fè jeretyen sou okenn efò pou retabli sekirite nan tout peyi a, daprè sa li presize.
Kanta Direktè Jeneral Lapolis la, Mesye Rameau Normil, li te mande nouvo polisye yo pou yo pa janm bliye misyon yo ki se pote sekou bay yon popilasyon k ap soufri, ki bezwen kapab sikile libelibè.
Genyen 500 nan nouvo polisye sa yo ki pral rantre nan yon inite espesyalize ki pral an chaj pou ranfòse operasyon Lapolis yo. Sa vle di chak fwa Lapolis fin fè yon operasyon nan yon zòn, y ap gen pou entèvni pou ranfòse travay ki fèt la.
N ap note genyen 213 fanm pami nouvo polisye sa yo ki gradye a. Nan sans sa a, Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm pibliye yon kominike pou li salye entegrasyon tout fanm sa yo nan enstitisyon Lapolis la.
