Gouvènman CONILLE la vle lite kont kòripsyon nan administrasyon piblik la

Nan yon konferans pou laprès li bay jedi 20 jen 2024 la, Premye Minis Doktè Garry Conille anonse gouvènman li a pral pran gwo mezi pou netwaye enstitisyon Leta yo epi lite kont kòripsyon ak enpinite nan administrasyon piblik la.

Premye Minis la fè konnen p ap gen tolerans nan zafè kòripsyon k ap fini ak administrasyon piblik la, konsa li pral pran dispozisyon prese prese pou fini avèk zafè kòripsyon an.

Chèf gouvènman an di gouvènman li a ap travay san pran souf pou transparans ak entegrite kapab chwal batay yo nan jesyon byen piblik yo pandan peryòd tranzisyon an.

Doktè Conille fè konnen genyen plizyè mezi ki pral adopte prese prese pou elimine fenomèn chèk zonbi a nan administrasyon piblik la, kontwole distribisyon kat debi yo, entèdi administrasyon yo pou yo genyen lòt sistèm sou kote k ap ranmase lajan ki pa taks Leta prevwa epi ki pa rantre nan bidjè Leta a pou yon sèvis piblik. Li anonse Inite Lit Kont Kòripsyon (ULCC) ak lòt ogàn kontwòl yo pral potekole nan konba kont kòripsyon sa a nan administrasyon piblik la.

Yon lòt kote, Premye Minis Garry Conille swete devlope patenarya avèk tout enstitisyon k ap travay pou yon refòm nan administrasyon Leta a. Nan sans sa a, li anonse kreyasyon yon gwoup travay k ap genyen ladan li sosyete sivil la ak enstitisyon kontwòl yo pou yo kapab idantifye epi mete kanpe refòm ki nesesè pou gen yon bòn gouvènans epi sitou pou fè refòm an pwofondè k ap ranfòse sistèm bòn gouvènans la avèk jesyon resous Leta yo nan plis transparans.

Description de l'image