Gouvènman Conille la nan wikenn retrèt nan otèl Montana

Jodi samdi 21 jen 2024 la, Manm gouvènman Doktè Garry Conille yo kòmanse yon bèl wikenn retrèt nan otèl Montana sou wout Boudon an nan Petyonvil, ak tout Manm kabinè ministeryèl la.

Daprè sa gouvènman an fè konprann, retrèt sa a se yon woumble 2 jou k ap pèmèt yo pran enfòmasyon epi fè echanj nan objektif pou fasilite Manm gouvènman yo danse sou menm rit la nan amoni, pou sa ki konsène gouvènans administratif, lit kont kòripsyon, netwayaj enstitisyon yo, ak refòm ki nesesè pandan tranzisyon an.

Nan fowòm sa a chak Minis ta dwe soti ak yon fèy de wout k ap oryante li nan aksyon li pral gen pou li poze nan ministè l ap dirije a.

Se yon pratik gouvènman peyi d Ayiti yo etabli depi kèk tan pou yo deplase kite kad travay nòmal yo pou yo al chita yon kote ansanm pandan 2 oswa plis jou pou y al chèche remèd pou maladi Ayiti a. Premye Minis Laurent Salvador Lamothe te konn pran abitid deplase ak gouvènman an ale an pwovens nan sa li te rele «Gouvènman an lakay ou.» Malerezman, tout gouvènman ki pase yo sanble pa ko janm ka jwenn bon resèt la pou retire peyi a nan katchouboumbe li twouve li a.

Description de l'image