Nan yon kominike pou laprès nan dat 31 mas 2025, gouvènman ayisyen an anonse yon lapli milya nan kad bidjè rektifye y ap eyidye a pou ranfòse sekirite nasyonal la.
Nan okazyon reouvèti Tribinal Premye Enstans Pòtoprens la ki sove al Dèlma 75, gouvènman an, nan vwa Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Mèt Patrick Pélissier, renouvle angajman li di li genyen pou kaba ensekirite a nan mete lajan ki gen nanm disponib pou sa.
An tou se 31 milya goud ki prevwa nan bidjè rektifye 2024 – 2025 Konsèy Minis yo nan wout pou aksepte a yo mete pou ranfòse Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH). Nan lajan sa a genyen 7 milya ki dwe ale nan achte ekipman estratejik sèlman.
Yon lòt bò genyen 4,4 milya ki prevwa pou modènize kapasite operasyonèl Fòs Lame d Ayiti )PNH).
Kominike a presize te deja genyen 12 milyon dola yo te depanse nan mwa mas la pou achte zam ak materyèl dènye kri pou pèmèt fòs lòd yo kapab pi byen fè travay yo.
Anpil milya anonse, men popilasyon an k ap pote yon kwa mati anba ensekirite a ta swete pou chodyè pa monte sou non ensekirite epi l al desanm sou non gwo palto.
