Gouvènman an ranfòse angajman li pou aksyon klè ak bon jan rezilta

© Primati

Nan yon konsèy gouvènman ki fèt 31 janvye 2025 la nan Primati a, otorite gouvènman yo ranfòse angajman yo pou aksyon klè tout moun ka wè ki dwe debouche sou bon jan rezilta.

Jan li pa janm rate yon okazyon pou li fè sa, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pa te manke renouvle angajman san fay li di li genyen pou yon gouvènans efikas, dinamik, k ap chèche rezilta pou rezoud gwo pwoblèm peyi a genyen, sitou pou sa ki konsène sekirite, kwasans ekonomik ak gouvènans enstitisyonèl.

Nan sans sa a, gouvènman vle pase yon vitès siperyè nan mezi l ap pran yo pou li kapab jwenn bon jan rezilta tout moun ka wè.

Konsa, yo vle pou gen bon inite nan aksyon gouvènman an ki dwe gen anpil disiplin tou. Se chak ministè ki pou jwe wòl yo kòmsadwa pou yo kapab pote repons popilasyon an ap tann yo.

Gouvènman vle tou ranfòse lit kont ensekirite a nan achte materyèl pou PNH ak FADH, fè fòmasyon pou fòs lòd yo pou yo ka pi efikas nan travay yo, pèmèt yo fè entèvansyon pi rapid epi efikas.

Gouvènman plede tou pou yon bidjè ki kapab reponn ak defi yo, ki kapab pèmèt yo relanse ekonomi an.

Yon lòt kote, gouvènman an fè konnen li enpòtan pou respekte règ jwèt la daprè jan enstitisyon yo mande sa pou kapab gen transparans ak responsabilite nan aksyon yo, pou yo byen jere lajan Leta a.

Anfen, gouvènman an swete ranfòse diplomasi a pou li kapab pèmèt Ayiti ranfòse prezans li sou sèn entènasyonal la.

Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé mande manm gouvènman yo aji pou garanti yon pi bon denmen pou peyi a. Li fè konnen gouvènman li a gen responsabilite pou li bay rezilta tout moun ka wè trapde.

Description de l'image