Nan sa li rele «Madi nasyon yo», Gouvènman an pote presizyon madi 4 oktòb 2025 la sou vitès siperyè maladi kolera a pase, ansanm ak ris pou ta gen epidemi apre ouragan Mélissa ki te lakoz anpil dega ak dlo nan je nan peyi a.
Nan okazyon sa a ki te gen etikèt «Sante piblik ak jesyon ijans apre ouragan Mélissa», gouvènman an limen pwojektè sou inisyativ li yo pou li fè fas kare ak defi lasante lajounen jodi yo , espesyalman vitès siperyè maladi kolera a pase nan Petyonvil avèk ogmantasyon ris maladi dyare, tifoyod ak malarya, apre ouragan Mélissa fin pase sou peyi a.
Mezi priyoritè yo ki konsène zòn ki afekte yo genyen ladan yo : èd Ijans y ap voye bay popilasyon Gran Sid ak Gran Nò ansanm ak soutyen pou enfrastrikti lasante ki frape yo, kanpay prevansyon ak sansibilizasyon y ap fè nan kominote yo pou anpeche kolera a vale tèren pandan y ap ensiste sou règ ijyèn ak sekirite alimantè yo, y ap kontinye fè pwòpte, elimine jèm maladi ak fimigasyon, epi elimine rat.
Daprè rapò Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Sinal Bertrand, depi janvye, yo resanse 2 900 ka kolera, 20 moun ki mouri lakay yo ak 7 moun ki mouri lopital. Li fè konnen Ministè a ap travay avèk detèminasyon pou frennen maladi kolera pou li pa gaye epi pou li pa al donnen nan lòt zòn.
Minis Bertrand peze tou sou enpòtans dlo potab moun yo ta dwe kapab jwenn, pou zòn yo rete pwòp, epi pou sitwayen yo mobilize nan konba kont maladi moun pran nan dlo kontamine.
Yon lòt kote, Gouvènman an fè konnen li pral lanse yon kanpay sansibilizasyon nan medya yo sou vaksen HPV pou fè prevansyon kont kansè kòl iteris lakay jèn adolesan ki pi frajil yo.

