Gouvènman an di li mete pase yon milya goud pou ede popilasyon an

Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé

Nan yon kominike pou laprès nan dat 22 desanm 2024, gouvènman Mesye Alix Didier Fils-Aimé a fè konnen li mete plis pase yon milya dola disponib pou ede popilasyon ayisyèn nan k ap monte yon maswife Anna ensekirite ak tout kalte pwoblèm ekonomik ak sosyal. Plan sa a se ta yon tantativ gouvènman an vini avèk li nan fendane a pou eseye pote yon repons pou popilasyon an ki pa konnen ni si pou l monte ni si pou l desann anba move lavi.

Men kominike gouvènman an Primati a pibliye :

Pòtoprens, 22 Desanm 2024.-

Fas ak kriz sekirite epi sante k ap pèsiste nan peyi a, gouvènman Repiblik la lanse yon Pwogram espesyal pou soutni popilasyon an. Pwogram sa a reponn ak bezwen esansyèl fanmi ki pi vilnerab yo, ankouraje relansman ekonomik epi ranfòse fratènite nan mitan popilasyon an.

Ak yon bidjè ki depase plis pase yon milya goud, plan sa a plizyè minis ak enstitisyon piblik soutni adopte yon apwòch ki gen misyon pou reponn ak bezwen priyoritè popilasyon an pandan I ap ankouraje ekonomi nasyonal la.

Yon Apwòch ki pa mete pèsonn sou kote epi ki mete aksan sou Priyorite sa yo

  1. Asistans pou fanmi ki nan sitiyasyon difisil:
  • Distribisyon kit alimantè ak transfè lajan bay fanmi ki pi afekte yo, an premye pou moun aje, moun andikape ak fanm ki chèf fanmi yo. Aksyon sa yo ap fèt anba kowòdinasyon Ministè Afė Sosyal ak Travay (MAST) ak Fon Asistans Ekonomik e Sosyal (FAES).
  • Mete kantin mobil ak restoran kominotè pou bay yon pla cho nan plizyè lokalite.
  1. Netwayaj ak Enfrastrikti vil nou yo :
  • Lanse yon gwo pwogram netwayaj Ministè Entèryè ak Kolektivite Teritoryal (MICT) ap dirije, an kolaborasyon ak minisipalite yo, CASEC yo, pou netwaye vil yo epi ranmase fatra.
  • Travay pou reyabilite wout estratejik yo, espesyalman sa ki lye Pòtoprens, Kap Ayisyen, Okay ak Sen Michèl de Latalay
  1. Ranfòsman Sekirite ak Lojistik:
  • Mete an plas dispozitif sekirite pou lame ak Lapolis nasyonal la pou pwoteje zòn estratejik yo, fasilite sikilasyon byen esansyèl yo epi garanti yon distribisyon òdone pwodwi petwolye nan pò ak ayewopò.
  1. Soutni Sektè Enèji ak Agrikilti :
  • Pèmèt EDH ogmante pwodiksyon ak distribisyon kouran elektrik pou amelyore aksè ak elektrisite pandan peryòd kritik sa yo.
  • Sipòte asosyasyon riral ak inisyativ agrikòl yo, anba sipèvizyon Ministė Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Riral (MARNDR).

Efè tout moun ka wè sou Ekonomi Lokal la

Pwogram sa a gen pou objektif kore ekonomi nasyonal la atravè pèman dirèk, inisyativ piblik ak sibvansyon ki pral jwenn moun ki pi vilnerab yo, lè nou mete kòb nan resous finansyè nan tout peyi a. Objektif li se soulaje difikilte fanmi yo pandan n ap soutni aktivite ekonomik pou yon ti tan.

Ranfòsman Kapasite Sante ak Sosyal

Ministė Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) ap miltipliye efò li yo pou amelyore kapasite operasyonèl lopital ak sant sante yo, pou jere bezwen medikal yo ki ogmante. Mezi sa yo fè pati yon apwòch global nan pwoteksyon ak soutyen popilasyon an.

Yon Apèl pou Solidarite Nasyonal

Gouvènman an lanse yon apèl pou mobilizasyon kolektif enstitisyon piblik, sektè prive ak sosyete sivil la pou garanti siksè pwogram sa a. Atravè inisyativ sa yo, Leta renouvle angajman li pou soutni sitwayen ki nan sitiyasyon vilnerab epi ankouraje yon klima rezistans kolektif.

Menm si yon milya goud pa reprezante anyen pou kantite pwoblèm k ap brase bil popilasyon ayisyèn nan, li ta enpòtan pou chodyè pa monte sou non popilasyon epi l al desann sou non gwo zotobre, pou ou pa tande lajan depanse epi popilasyon an pa menm souse yon mant.

Description de l'image