Gouvènman an anonse siyati yon akò angajman pou leve grèv pwofesè yo

© Primati

Nan yon kominike pou laprès ki pibliye lendi 20 janvye 2025 la, Gouvènman Repiblik la anonse fen grèv pwofesè yo apre siyati yon akò angajman epi li tou pwofite fè konnen dyalòg yo ap kontinye pou jwenn yon pwotokòl ki dirab. Men sa kominike a di :

Pòtoprens, 19 janvye 2025

Gouvènman an, anba lidèchip Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, anonse ofisyèlman fen grèv pwofesè yo, apre siyati, lendi 20 janvye 2025 lan, yon akò angajman avèk sendika pwofesè yo. Akò sa a se yon gwo etap ki pral pèmèt elèv nan tout peyi a retounen lekòl prese prese.

Konsyan de tout difikilte sektè edikasyon an ap fè fas ak konsekans grèv sa genyen sou elèv yo, Gouvènman an te entansifye negosyasyon yo avèk òganizasyon sendikal yo pandan dènye jou sa yo. Premye Minis la, ansanm ak Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), Mesye Antoine Augustin, ak Minis Finans lan Mesye Alfred Mettelus te pèsonèlman sipèvize negosyasyon yo, ki te abouti nan yon konsansis sou plizyè mezi ijan.

Angajman imedya Gouvènman an genyen ladan yo :Kontinye epi ranfose operasyon k ap fèt pou regilarize anvan lontan sitiyasyon anseyan k ap travay san yo pa touche oubyen k ap travay san yo pa gen lèt nominasyon;

1. Kontinye epi ranfose operasyon k ap fèt pou regilarize anvan lontan sitiyasyon anseyan k ap travay san yo pa touche oubyen k ap travay san yo pa gen lèt nominasyon

2. Trete dosye dèt Ministè a genyen pou anseyan yo (aryere salè)

3. Bay anseyan ak pèsonèl MENFP yo yon Kat debi kenz mil (15,000.00) goud apati fevriye 2025

4. Gade nan tèt kole avèk enstans nan Leta sa konsène kòman anseyan yo ak lòt ajan nan Ministè a kapab rekòmanse benefisye kouvèti asirans piblik la

5. Travay avèk PNCS pou pèmèt elèv ak lòt ajan edikatif yo gen yon pla cho

6. Mete kanpe yon komisyon miks pou travay sou sitiyasyon enstititè premye ak dezyèm sik fondamantal yo.

Anplis angajman sa yo, Gouvènman an ak sendika yo dakò pou kontinye diskisyon yo nan yon dyalòg sosyal ranfòse. Objektif la, se rive jwenn yon pwotokòl ki dirab ki pral pèmèt rezoud pwoblèm estriktirèl sektè edikasyon an, tankou ajisteman ak amonizasyon salè yo, epi modènizasyon kondisyon travay yo.

Premye Minis lan salye sans responsabilite òganizasyon sendikal yo, ki aksepte akò angajman sa a kòm yon siy klè ki montre volonte Gouvènman an pou amelyore kondisyon travay ak lavi pwofesè yo nan yon fason dirab.

Gouvènman an renouvle angajman l pou garanti dwa tout timoun Ayiti pou jwenn edikasyon. Li ankouraje tout aktè sektè edikatif la pou kenbe yon lespri kolaborasyon pou konsolide sa yo reyalize deja epi bati yon sistèm edikasyon ki enklizif e ki efikas.

Description de l'image