Gouvènans : Konsèy Tranzisyon an chita pale ak reprezantan sektè prive a

© Laprezidans

Konsèy Tranzisyon ki nan tèt peyi a chita pale ak reprezantan sektè prive a jedi 20 mas 2025 la sou defi ki gen rapò ak gouvènans peyi a ak klima pou fè biznis lajounen jodi.

Chita pale sa a te mete aksan sou twa gran pwen ki se gouvènans aksyon piblik la, sekirite ak sitiyasyon ekonomik la.

Pou sa ki konsène gouvènans aksyon piblik la, yo te wè nesesite pou ranfòse randman ak transparans nan jesyon Leta a pou yo kapab rive mete kanpe yon kad enstitisyonèl estad moun ka fè konfyans.

Pou sekirite, yo te analize defi pou sekirite yo, an menm tan yo te eseye gade ki solisyon tout bon yo ta ka pote pou pèmèt yon klima lapè ta rive tabli, sa ki fondamental pou aktivite sosyal ak ekonomik yo kapab fonksyone byen.

Kanta pou sitiyasyon ekonomik la, yo te gade konsekans kriz peyi a ap travèse a genyen sou antrepriz yo, epi gade ki mezi yo ta kapab adopte pou ede yo travèse move kap kriz la lage yo a.

Konsèy Tranzisyon an te pwofite renouvle angajman li di li genyen pou li potekole avèk tout sektè yo pou li tabli yon gouvènans efikas, epi bati fondasyon estabilite peyi a bezwen an.

Description de l'image