Gè Izrayèl-Amas : Izrayèl aksepte plan Biden pou mete yon bout nan lagè a

KF : Le Monde

Selon sa Reuters rapòte, Izrayèl aksepte plan Prezidan Biden pwopoze pou yon sipann tire nan lagè ki opoze Izrayèl ak Amas depi kòmansman mwa oktòb 2023 a.

«Se pa yon bon akò men Izrayèl aksepte li.» Se sa yon kolaboratè Premye Minis Benjamin Netanyahou deklare dimanch sa a.

Ophir Falk ki se prensipal konseye Netanyahou nan politik etranjè deklare bay Sunday Times britanik :« Nou aksepte pwopozisyon Biden nan. Se pa yon bon akò men sensèman nou vle pou tout otaj yo libere.» Li ajoute gen anpil lòt detay ki pou regle, pandan li presize kondisyon Izrayèl yo tankou liberasyon otaj yo ak destriksyon Amas kòm ògznizasyon teworis pa chanje.

Plan Biden nan genyen 3 faz ki pou ta pèmèt yo rive mete yon bout nan lagè a.

Premye faz la t ap genyen yon poz epi pou kèk otaj Amas kenbe yo ta libere. Apre sa pati yo t ap negosye yon sipann tire san limit pou yon dezyèm faz kote rès prizonye vivan ki rete yo t ap libere.

Te gen plizyè pwopozisyon ki te fèt pou yon sispann tire pandan mwa ki pase yo men tout te echwe. Nan mwa fevriye, Prezidan Biden te deklare Izrayèl te dakò pou li te sispann konba yo avan Ramadan an, mwa sakre Mizilman yo ki kòmanse 10 mas. Men se te pawòl anlè.

Prensipal pwoblèm nan se paske Izrayèl te sèlman vle diskite sou ti poz tou kout jiskaske li detwi Amas nèt. Amas li menm di sèl sa ki pou fè li libere otaj yo, se nan objektif pou mete yon pwen final definitif nan lagè a 

Prezidan Biden fè konnen dènye pwopozisyon li a kreye yon pi bon avni pou Gaza san Amas sou pouvwa a.

Falk menm bò kote pa li, li repete pozisyon Netanyahou ki fè konnen p ap genyen yon sispann tire pèmanan toutotan Israyèl pa atenn tout objektif li yo.

Description de l'image