Gè an Ikrèn : Vladimir Poutine di l ap replike pou G7 ki pran lajan Larisi pou ede Ikrèn

KF: war.ukraine.ua

Ditijan G7 yo ki se 7 peyi ki pi rich nan lemonn yo jwenn yon akò nan somè G7 la an Itali pou yo itilize  50 milya dola aktif Larisi yo te jele pou ede Ikrèn reziste ak Larisi.

Vladimir Poutine relè sa yon vòl epi li di l ap replike. Li dekkare : «Peyi oksidantal yo jele yon pati nan aktif Larisi yo ansanm ak rezèv deviz yo. Kounye a y ap reflechi pou yo jwenn rezon jiridik pou yo fè dappiyanp sou yo nèt. Kèlkeswa jan ou ta pentire li, vòl rete vòl e sa p ap rete san li pa pini.»

Prezidan Ikrenyen an, Volodimyr Zekensky, bò kote pa li deklare se nòmal pou se Larisi ki peye. Li te mande tou pou yo sezi plis pase 300 milya dola aktif Larisi Inyon ewopeyèn ak G7 la bloke. Men G7 la pa dakò paske pa gen baz jiridik pou sa.

Larisi te fè va sou vwazen li Ikrèn nan dat 22 fevriye 2022. Depi lè a, kout zam pa janm sispann tire ant 2 belijeran yo. Larisi okipe yon bon pati nan Lès Ikrèn men Ikrèn toujou ap reziste gras ak èd peyi oksidantal yo ki sèmante si yo kite Larisi genyen lagè sa a, apre Ikrèn li pral fè poteboure sou lòt peyi nan Ewòp la tou.

Description de l'image