Garry Conille vizite fòs etranje yo nan baz yo

Jodi mèkredi 26 jen 2026 la nan maten,  Premye Minis Doktè Garry Conille, ansanm ak Minis Jistis la, mèt Carlos Hercule ak Direktè Jeneral Lapolis la, Rameau Normil, te rann premye gwoup fòs etranje yo ki fèk debake nan peyi a yè madi 25 jen an, yon vizit nan baz yo nan Klèsin.

Nan okazyon sa a li esprime solidarite ak rekonesans gouvènman li a ansanm ak pèp ayisyen pou misyon sa a. Li sanble te fyè pou poze ak fòs etranje yo ki kantone nan Klèsin.

Nan prezans Chèf delegasyon Kenya a, Doktè Monica Juma, Premye Minis la di li gen volonte san fay epi li detèmine pou li fè tout sa ki posib pou lapè ak sekirite kapab retabli nan peyi a, avèk èd sa yo rele Misyon Miltinasyonal Apui pou Sekirite a.

Popilasyon an ki sanble mete anpil espwa sou fòs etranje sa yo pou li kapab rale yon souf anba men gang ame, espere yo p ap rete kantone nan baz yo vitam etènam, men yo prale sou tèren operasyon an pou yo kapab akonpli misyon yo di yo vin akonpli a.

Description de l'image