Garry Conille refè pwomès sekirite ankò

Depi Premye Minis Doktè Garry Conille pran tèt primati a, li pa sispann fè pwomès sekirite pou lavi kapab reprann nan peyi a. Chak fwa okazyon an prezante, li toujou renouvle pwomès sekirite a ki se pi gwo nesesite pou moman an pou Ayisyen kapab viv epi mennen aktivite yo libelibè nan peyi Dessalines te goumen pou kite pou yo a.

Se konsa nan yon konferans pou laprès li bay ak Doktè Monica Juma ki se Chèf delegasyon Kenya a madi 25 jen nan kad debakman premye gwoup fòs Kenya yo nan peyi a, Chèf gouvènman an renouvle angajman Leta a pou pèmet sekirite blayi nan tout peyi a. Nan sans sa a, Premye Minis la anonse plizyè desizyon k ap mete ansanm ak PNH la, Lame d Ayiti, polisye kenyan yo ki gen a wè ak domèn sekirite, yon mannyè pou lavi kapab reprann nan peyi a kòmsadwa.

Pou fasilite reyisit desizyon sa yo, Doktè Conille mande popilasyon an pou l pote kole ak Lapolis nan tout rakwen peyi a pandan l ankouraje l aplike vijilans.

Pwomès se byen. Lespwa fè viv. Popilasyon an rete ap tann Premye Minis la ak gouvènman an fè pwomès yo tounen reyalite.

Description de l'image