Garry Conille rankontre ajan enterimè zòn metwopolitèn nan

Premye Minis Doktè Garry Conille rankontre ajan enterimè 9 komin zòn metwopolitèn Pòtoprens la maten madi 25 jen 2024 la kòm Minis Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal. Nan okazyon sa a li te akonpaye ak Minis Travo Piblik la, Mesye Raphael Hosty.

Sa ki t ap diskite nan reyinyon sa a se kijan majistra yo kapad potekole nan chèche solisyon pou kesyon sekirite a, pwoblèm lapwòpte nan vil yo, ijans lè gen katastwòf natirèl, epi mobilizasyon ak patisipasyon kolektivite yo nan òganizasyon pwochèn eleksyon yo.

Nan yon mesaj ki pibliye sou kont X li, Chèf gouvènman an enfòme li t ap rankontre ajan enterimè yo nan kad objektif nou sot site la yo. Li konkli pou li di popilasyon an dwe viv pi byen.

Description de l'image