Garry Conille lopital akoz yon malèz

Fyète Kreyòl Enfo

Plizyè medya rapòte samdi 8 jen sa a nan aswè Premye Minis Garry Conille fè yon malèz respiratwa epi yo transpòte li lopital.

Avan sa Premye Minis la te nan vizit nan ayewopò Toussaint Louverture a ansanm ak yon Manm Konsèy Tranzisyon an.

Premye Minis Doktè Garry Conille ki gen responsabilite dirije gouvènman tranzisyon an nan demach pou fòme kabinè ministeryèl li nan moman sa yo.

Annatandan plis presizyon sou eta sante Premye Minis la, nou swete li bon retablisman.

Description de l'image