Garry Conille fè yon ti flann nan sant vil Pòtoprens

KF: Frantz Duval sou X

Yon jou apre li rantre nan peyi a, Premye Minis Garry Conille, nan yon machin blennde, jilè pa bal li sou li, fè yon virewon nan sant vil Pòtoprens.

Nan okazyon sa a li te genyen avèk li gwo gwo chèf nan lapolis la ki te antoure li.

Depi kèk tan, bandi ak zam bay Leta bout tèren nan anpil kote nan peyi a, prensipalman nan kapital la, Pòtoprens. Bandi yo vle sa yo di se sa ki pou fèt epi yo di Leta «men kwa manman ou, men kwa papa ou, si ou kapab vin pile l.» Leta li menm ki sanble dakò li pi piti ap tchoule kò li dèyè tanzantan.

Èske sans ti flann sa a ta vle di chanje mèt chanje metye? Èske se ta yon siy ki ta vle di Leta pral rekipere teritwa li te pèdi yo jan Prezidan Konsèy Tranzisyon an te esprime sa 18 me? Sa k a la k a wè l.

Description de l'image