Fyète Kreyòl Enfo 2025 fwa pi djougan

Fyète Kreyòl Enfo vin swete tout lektè, tout fanatik, tout zanmi, tout sipòtè li yo nan lemonn antye yon lane 2025 ranpli ak bonè ak siksè.

Li pwofite di nou tout mèsi anpil pou akonpayman nou, sipò nou nan avanti sa a ki kòmanse nan mitan lane 2024 la, yon avanti ki kòmanse bèl anpil.

Lane 2024 sa a se petèt lane ki te pi tèrib nan istwa pèp ayisyen an. Nou swete 2025 la pote yon vrè chanjman kote Ayisyen va sispann fè mechanste pou jete frè ak sè Ayisyen parèy yo nan tribilasyon.

Fyète Kreyòl Enfo ap gade devan. Nou kwè demen ka pi bon si nou pran konsyans, si nou travay pou sa. Nou kapab fyè de peyi nou, de kilti nou, de lang nou, de tèt nou.

Chanjman an dwe kòmanse nan nou menm menm. An nou chak tounen yon ajan chanjman pou transfòme peyi nou pou lavi ka boujonnen, pou timoun yo la gen lespwa yon pi bon demen.

Bon lane 2025 ! An nou 2025 fwa pi djougan !

Description de l'image