Fyè Ayiti, leve tèt ou gade solèy

Fyète Kreyòl Enfo Tag

Nan okazyon selebrasyon 221èm anivèsè kreyasyon drapo ble e wouj ayisyen an, Fyète Kreyòl Enfo ta renmen envite tout Ayisyen ak Ayisyèn, sitou jèn yo, reflechi sou pawòl Fyè Ayiti, yon tradiksyon tèks chante Fière Haïti ki te konn ritme parad 18 me lajenès yo, sa pa gen twò kontan. Se Gérard Marie Tardieu ki fè tradiksyon sa a 9 avril 2009. Fyète Kreyòl Enfo ap sèlman prezante nou yon ekstrè.

Fyè Ayiti

Nou vle fè ou Ayiti cheri
Byen djanm byen fò devan tout pèp
Nou deside fè w tè beni nou an
Yon fyète pou zansèt nou yo
Yon peyi lib yon tè ki byen rich
Bèl eritaj yo te ban nou
Ak tout renmen ak tout fòs kè nou
N ape travay pou n sove ou

Se nou menm jèn k ap etidye lekòl
Se nou menm gran ak piti yo
Demen yon glwa pou Ayiti
Ak kè kontan ak tout fòs nanm nou
Toujou n ap vanse pi devan
Avèk fyète tèt nou byen wo

An nou mache avèk vigè
Paske nou vle tout moun konnen
Anba po nou ak nan tout venn kò nou
Yon san vanyan ape ponpe
Epi n pare pou defann ou
Devan tout vye bagay ki lèd
Anpil moun ta ka ba w pou pote
Men sa nou di byen fò se non

(…)

Wi pou lonè, diyite ras nou
Nou dwe genyen pitit manbre
Pitit lelit, pitit mas pèp nou an
An n mete men nan konbit sa a
Pou n remete Patri nou kanpe
Se fanm vanyen, gason vanyan
Bèl Ayiti manman cheri
Se moun brav sa yo nou bezwen

(…)

Nou se yon pèp ki toujou byen vanyan
Nou se pitit yon ras ki djanm
Yo te libere Ayiti
An n vlope nou nan glwa zansèt yo
An nou mache men nan lamen
Avèk fyète tèt nou byen wo

Fière Haïti (Fyè Ayiti), Edouard Tardieu (Trad.Gérard Marie Tardieu, Histoire du drapeau)

Description de l'image