Fritz Alphonse Jean pran tèt tranzisyon an ak yon flonn pwomès

© Laprezidans

Nan kad prezidans chak moun fè yon ti kou a, Ekonomis Fritz Alphonse Jean pran tèt tranzisyon an vandredi 7 mas 2025 la nan kad yon seremoni ki dewoule nan Viladakèy nan prezans Manm Konsèy Tranzisyon yo, Premye Minis la, Mesye Alix Didier Fils-Aimé ak manm Gouvènman an, Kòmandan an chèf Fòs Lame d Ayiti a, Lyetnan Jeneral Derby Guerrier, Direktè Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti a, Mesye Rameau Normil, ak Manm nan kò diplomatik la.

Mesye Fritz Alphonse Jean ranplase Achitèk Leslie Voltaire ki li menm gentan fin fè ti kou pa li a apre li te ranplase ansyen Senatè Edgard Leblanc Fils nan mwa oktòb 2024. L ap gen pou li pase mayèt la ba yon lòt fè yon ti kou tou nan dat 7 out 2025.

Nan diskou sikonstans li, Mesye Fritz Alphonse Jean detaye yon flonn pwomès sou sekirite li di ki dwe retounen nan peyi a. Toudabò li fè konnen li pral kontinye travay tranzisyon an ki chita sou kat potomitan ki se : sekirite, gouvènans, redrèsman ekonomik ak eleksyon. Li  mande pou tout moun potekole nan lagè Leta ap mennen kont ensekirite a.

Nouvo Chèf tranzisyon an wete chapo devan kouraj popilasyon nan Lwès ak Latibonit ki mande Leta pou aji san pèdi tan pou rezoud pwoblèm ensekirite k ap fè yo monte lesyèl pa do a. Li fè konnen li pral mobilize tout resous nan Leta a pou goumen pou mete lapè nan peyi a.

«Peyi nou an nan lagè jodi a, e nou dwe mete tèt ansanm san fè rechiya pou nou genyen batay sa a. Se pou sa mwen ensiste sou yon bidjè rektifye pou lagè, pou nou oryante depans yo nan sans defi ki devan nou yo. Sekirite a se pi gwo priyorite nou, nou dwe jwenn yon mwayen pou nou tabli ekikib ant depans yo, defi yo ak aksyon n ap pran yo pou nou kapab rive jwenn bon jan rezilta tout moun ka wè (,,,) Si pa gen bon jan efektif ki reponn, fòs lòd yo p ap kapab jwenn bout ensekirite a. Se poutèt sa a, ane sa a menm, genyen 3 000 rekritman ki pral fèt pou ranfòse kantite sòlda ak polisye ki pral goumen sou tèren an.»

Mesye Fritz Alphonse Jean deklare nou pa nan yon tan nòmal, gen gwo jefò ki dwe fèt pou kaba vyolans la. Nan sans sa a, li enfòme genyen yon pwotokòl akò ki pral siyen ant Fòs Lame d Ayiti ak Ajans Nasyonal Zòn Pwoteje yo pou mobilize Ajan BSAP yo nan lagè kont gang ame yo, san konte demach li di y ap fè pou yo jwenn sipò ayeryen ak maritim pou yo kapab pi byen pwoteje fwontyè maritim ak fwontyè tèrès yo.

Description de l'image